Letra Pwoveb Lakay Rmx (feat. Cereal) de G Bobby Bon Flo

Letra de Pwoveb Lakay Rmx (feat. Cereal)

G Bobby Bon Flo


Pwoveb Lakay Rmx (feat. Cereal)
G Bobby Bon Flo
(0 votos)
Yeah, it's the remix,
Pwoveb lakay, my n*gga
CEREAL Wud up n*gga, (AIGHT)
sa gen vale pase dyaman,
flo yo pa depaman, CEReAL,
BON FLO, dice, ann lage,
ok.
Gen anpil leson pou tire nan yon pwoveb lakay,
Men fok ou konnen tou wap aprannn yon dal bèl bagay,
Nan lavi siw vle rive on kote piga pè batay,
Batay pou batay piga bay sa ki pa te pou bay!

Gen anpil leson pou tire nan yon pwoveb lakay,
Men fok ou konnen tou wap aprannn yon dal bèl bagay,
Nan lavi siw vle rive on kote piga pè batay,
Batay pou batay piga bay sa ki pa te pou bay!

C-Real!
teke teke fren'w, twop anbisyon touye rat konen tou jan chat mache se pa konsa'l kenbe rat,
depi tou piti yo te toujou di'm "atansyon pa kapon",
epi evite li miyo pase mande padon (mande padon),
zanmi prè se kouto de bò, lè li lwen se lajan sere,
tout sa ki klere pa lò, poutan tout sa ki lò klere, kay koule ka twonpe soléy men'l pap ka twonpe lapli.
Ak pasyans ou jwenn trip foumi, demaske gwo van tilapli
chat konnen, rat konnen, barik mayi rete plen,
Mache sou pinga'w pou'w pa pile siw te konnen,
mache chache, mache chache pa janm domi san soupe yeah
Depi'w ta manke manje manje chango konnen tou se pou'w peye,
lavi koute chè men li pa vann nan mache
sa'w fè se li'w wè,
sa ki pa bon fèt pou koupe kote men'w ka rive
e la pou ta wè pou koke makout,
kalite fwi pyebwa lavi pa ta ka menm pou nou tout.

Gen anpil leson pou tire nan yon pwovèb lakay,
Men fòk ou konnen tou wap aprannn yon dal bèl bagay,
Nan lavi siw vle rive on kote piga'w pè batay,
Batay pou batay piga bay sa ki pa te pou bay

Gen anpil leson pou tire nan yon pwovèb lakay,
Men fok ou konnen tou wap aprannn yon dal bèl bagay,
Nan lavi siw vle rive on kote piga pè batay,
Batay pou batay piga bay sa ki pa te pou bay!

(G-Bobby)
Two prese pa nan fè jou louvri regadan
si'w vekse, pa nan fè konpwomi egalman
non mesye, piga di'm toutan fi se pwazon
ensanse, men'm si'w tiye'w merite padon
konbyen fwa'w wè konsèy ekri nan yon ansèy
pa tande nan zòrey defwa konn pwodwi sekey
yo di souvan moun ki alez li pa janm nan pran poz
zanmi, mache sou trèz jis pou pa pile katòz
ou ka wè! jenes la pou rap kreyol la lap milite
manyen'l wa wè po piman ak grenn nan sak pi pike
map semante ba'w manman'w ki fè'w
genlè pa janm di'w ret trankil se remèd ko'w
san strese (hein), si'w vekse (hein).
men fok ou aprann di moun padon lè'w pete
fòw pa pran bagay serye pou jwet, verite pou manti, bolèt lavi a w jwe'l depi'w fèt
se le'w mouri'l soti.

Gen anpil leson pou tire nan yon pwovèb lakay,
Men fòk ou konnen tou wap aprannn yon dal bèl bagay,
Nan lavi siw vle rive on kote piga'w pè batay,
Batay pou batay piga bay sa ki pa te pou bay

Gen anpil leson pou tire nan yon pwovèb lakay,
Men fok ou konnen tou wap aprannn yon dal bèl bagay,
Nan lavi siw vle rive on kote piga pè batay,
Batay pou batay piga bay sa ki pa te pou bay!

(C-Real)
Fézè nap fè nap plede domi atè, di san fè, fè san di, m'pito fè
fòk m'di'w! kouto timoun sa se maten sa file,
epitou travay sonje pou ka pa manje bliye,
piga bliye sonje pi bonè se gran'm maten
pou demen kapab miyò pa di pou sa zye pa wè kè pa tounen
anplis map ajoute! merite pa ka nan mande
pou kapab konnen plis konnen sa ta mande pwoche pou tande G.
pou kapab konnen plis konnen sa ta mande pwoche tande G.

(G-Bobby)
Fok ou pare kou a baton nan men, chen niche tèt afèl jan'l konnen,
sak nan kè yanm se kouto'k konnen'l, tande ak wè se 2, gade pa boule zye,
men pa manyen si toutfwa ou ta vle konnen
konbyen kokobe'k te gen nan ri dè fonfò apre dife wap tande plenyen
sak di men koulèv la se li ki touye koulèv la
chat chode nan dlo cho, pou dlo fret li fe men'm rèv la
ou konn prekosyon pa kapon, yon bon entèlijan pa janm pran risk, pita pi tris, depi'm
di'm pa konnen 'm pa pral lajistis.

Gen anpil leson pou tire nan yon pwovèb lakay,
Men fok ou konnen tou wap aprannn yon dal bel bagay,
Nan lavi siw vle rive on kote piga pè batay,
Batay pou batay piga bay sa ki pa te pou bay

VRJSL


Comparte Pwoveb Lakay Rmx (feat. Cereal)! con tus amigos.


Que tal te parece Pwoveb Lakay Rmx (feat. Cereal) de G Bobby Bon Flo?
Pesima
Mala
Regular
Buena
Excelente